Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 11

Jan 11:6-40

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l' te ye a.
7Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide.
8Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò?
9Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a.
10Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li.
11Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.
12Disip yo reponn li: Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri.
13Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè.
14Lè sa a, Jezi di yo klè: Laza mouri.
15Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pa t' la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li.
16Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n' ka mouri ansanm avè li.
17Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou.
18Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis.
19Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a.
20Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la.
21Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri non.
22Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li.
23Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò.
24Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve.
25Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.
26Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
27Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.
28Lè Mat fin di sa, l' al rele Mari, sè l' la, li di l' nan zòrèy: Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li.
29Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi.
30(Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.)
31Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a.
32Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri.
33Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann.
34Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non.
35Jezi kriye.
36Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!
37Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri?
38Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li.
39Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a.
40Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?

Read Jan 11Jan 11
Compare Jan 11:6-40Jan 11:6-40