Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 13

Lik 13:1-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Lè sa a, yo vin rakonte Jezi ki jan, pandan yon sèvis yo t'ap fè, Pilat te fè touye kèk moun peyi Galile a, epi li fè melanje san yo ak san bèt yo t'ap ofri bay Bondye.
2Jezi reponn yo: Gen lè nou kwè se paske moun sa yo te fè pi gwo peche pase lòt moun Galile yo kifè yo te masakre yo konsa?
3Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.
4Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, gen lè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo?
5Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.
6Apre sa, Jezi di yo parabòl sa a: Yon nonm te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen li. Li vin chache fig frans ladan l', men li pa jwenn.
7Lè sa a, li di jeran jaden an: Sa fè twazan depi m'ap vin chache fig nan pye fig frans sa a, mwen pa ka jwenn anyen. Koupe li non. Poukisa pou l' pran tout plas sa a nan tè a pou gremesi?
8Men, jeran an reponn li: Mèt, kite l' fè lanne sa a ankò. Mwen pral fouye yon twou fè wonn nan pye l', m'ap mete fimye ladan li.
9Konsa, li ka donnen. Si l' pa donnen, wa fè koupe l' lòt lanne.
10Yon jou repo, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yon sinagòg.
11Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' rete kokobe; li pa t' kapab kanpe dwat menm.
12Lè Jezi wè l', li rele l', li di li: Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande.

Read Lik 13Lik 13
Compare Lik 13:1-12Lik 13:1-12