Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 18

Jan 18:27-32

Help us?
Click on verse(s) to share them!
27Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante.
28Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.
29Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè?
30Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektè, nou pa ta mennen l' ba ou.
31Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn.
32Se konsa pawòl Jezi te di lè l' t'ap fè konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre.

Read Jan 18Jan 18
Compare Jan 18:27-32Jan 18:27-32