Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 19

Lik 19:32-39

Help us?
Click on verse(s) to share them!
32De disip yo ale; yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a.
33Pandan y'ap lage ti bourik la, mèt li di yo: Poukisa n'ap lage ti bourik la?
34Yo reponn: Se Mèt la ki bezwen li.
35Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do ti bourik la, yo fè Jezi moute sou li.
36Pandan Jezi t'ap vanse sou bourik la, moun yo tann rad yo atè sou tout chemen an.
37Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè.
38Yo t'ap di: benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye!
39Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non.

Read Lik 19Lik 19
Compare Lik 19:32-39Lik 19:32-39