Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 22

Lik 22:35-64

Help us?
Click on verse(s) to share them!
35Jezi di yo ankò: Lè m' te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy? Yo reponn li: Nou pa t' manke anyen.
36Li di yo: Bon, koulye a, moun ki gen yon lajan, se pou l' pran l'; sa ki gen manje se pou l' pran l' tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l' vann rad li pou l' achte yonn.
37Paske, tande byen sa m'ap di nou: pawòl ki te ekri a, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l' ansanm ak mechan yo. Wi, sa ki ekri sou mwen an pral rive.
38Disip yo di li: Mèt, men de nepe. Li di yo: Sa kont.
39Apre sa, Jezi soti, li al mòn Oliv la, jan l' te konn fè a. Disip yo swiv li.
40Lè l' rive, li di yo: Lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.
41Epi li kite yo, li al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè.
42Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m' ki pou fèt, se volonte pa ou.
43Lè sa a, yon zanj Bondye soti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs.
44Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.
45Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.
46Li di yo: Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.
47Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kot Jezi pou l' bo li.
48Men, Jezi di li: Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a?
49Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sak t'apral rive, yo mande li: Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?
50Yonn ladan yo gen tan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li.
51Men, Jezi di yo: Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li.
52Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: Nou vin dèyè m' ak nepe epi baton, tankou si m' te yon ansasen.
53Toulejou mwen te la avèk nou nan tanp lan, nou pa t' chache arete mwen. Men koulye a, se jou pa n', se jou pouvwa ki travay nan fènwa a.
54Yo arete Jezi, yo mennen li ale. Yo kondi l' kay granprèt la. Pyè t'ap swiv yo yon ti jan lwen lwen.
55Yo te limen yon dife nan mitan lakou a. Pyè al chita nan mitan moun ki te bò dife a.
56Yon sèvant wè Pyè chita bò dife a; li fiske je l' sou li, li di: Nonm sa a te avèk li tou.
57Men, Pyè demanti l', li di: Madanm, mwen pa konnen li.
58Yon kadè apre, yon lòt wè l', epi l' di: Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Pyè di: Non, monchè, mwen pa fè pati moun sa yo.
59Apre yon bon ti moman, yon lòt di l' ankò: Men wi, nonm sa a te avè l'. Se moun Galile li ye.
60Pyè reponn li: Monchè, mwen pa konnen sa ou ap di la a. Menm lè a, antan li t'ap pale toujou, yon kòk pran chante.
61Jezi vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Seyè a te di l': Jòdi a, kòk p'ap gen tan chante, w'ap di ou pa konnen mwen pandan twa fwa.
62Pyè soti, epi li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.
63Mesye ki t'ap veye Jezi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap ba l' kou.
64Yo te bouche je l', yo t'ap mande li: Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen?

Read Lik 22Lik 22
Compare Lik 22:35-64Lik 22:35-64