Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman

Resansman 33

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Men non tout kote moun Izrayèl yo te pase depi apre yo tout te soti kite peyi Lejip tankou yon lame, avèk Moyiz ak Arawon alatèt yo.
2Dapre lòd Seyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo.
3Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo soti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pesonn pa di yo anyen.
4Lè sa a, moun peyi Lejip yo t'ap antere premye pitit gason yo. Se Seyè a menm ki te touye yo. Se konsa li te fè wè li gen plis pouvwa pase bondye moun peyi Lejip yo
5Moun pep Izrayèl yo kite lavil Ranmsès, yo rive yon kote ki rele Soukòt. Se la yo moute kan yo.
6Apre sa, yo kite Soukòt, y' al moute kan yo Etam ki sou limit dezè a.
7Yo kite Elam, yo tounen sou Pi ayiwòt, ki anfas Baal-Sefon, bò solèy leve, epi yo moute kan yo devan Migdòl.
8Yo kite Pi ayiwòt, yo travèse Lanmè Wouj la, yo rive nan dezè a. Yo pase twa jou ap mache nan dezè Etam lan, yo rive Mara kote yo moute kan yo.
9Yo kite Mara, yo rive Elim kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye palmis. Yo moute kan yo la.
10Yo kite Elim, y' al moute kan yo toupre Lanmè Wouj la.
11Yo kite Lanmè Wouj, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan.
12Yo kite dezè Zin lan, y' al moute kan yo Dofka.
13Yo kite Dofka, y' al moute kan yo Alouch.
14Yo kite Alouch, y' al moute kan yo Refidim kote pèp la pa t' jwenn dlo pou yo bwè a.
15Yo kite Refidim, y' al moute kan yo nan dezè Sinayi a.
16Yo kite dezè Sinayi a, y' al moute kan yo Simityè Grangou.
17Yo kite Simityè Grangou, y' al moute kan yo Azewòt.
18Yo kite Azewòt, y' al moute kan yo Ritma.

19Yo kite Ritma, y' al moute kan yo Rimonn Perèz.
20Yo kite Rimonn Perèz, y' al moute kan yo Libna.
21Yo kite Libna, y' al moute kan yo Risa.
22Yo kite Risa, y' al moute kan yo Keyelata.
23Yo kite Keyelata, y' al moute kan yo sou mòn Chefè a.
24Yo kite mòn Chefè a, y' al moute kan yo Arada.
25Yo kite Arada, y' al moute kan yo Makelòt.
26Yo kite Makelòt, y' al moute kan yo Tayat.
27Yo kite Tayat, y' al moute kan yo Tara.
28Yo kite Tara, y' al moute kan yo Mitka.
29Yo kite Mitka, y' al moute kan yo Asmona.
30Yo kite Asmona, y' al moute kan yo Mosewòt.
31Yo kite Mosewòt, y' al moute kan yo Benè-Jakan.
32Yo kite Benè-Jakan, y' al moute kan yo Ogidgad.
33Yo kite Ogidgad, y' al moute kan yo Jotbata.
34Yo kite Jotbata, y' al moute kan yo Abwona.
35Yo kite Abwona, y' al moute kan yo Ezyongebè.
36Yo kite Ezyongebè, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan, ki vle di Kadès.

37Yo kite Kadès, y' al moute kan yo sou mòn Or, toupre fwontyè peyi Edon an.
38Dapre lòd Seyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te soti kite peyi Lejip.
39Lè Arawon mouri sou mòn Or la, li te gen sanvenntwazan sou tèt li.
40Wa Arad, yon moun Kanaran ki te rete nan pati sid peyi Kanaran yo rele Negèv la, vin konnen moun Izrayèl yo t'ap rive.
41Se konsa, moun Izrayèl yo kite Mòn Or la, y' al moute kan yo Zalmona.
42Yo kite Zalmona, y' al moute kan yo Pounon.
43Yo kite Pounon, y' al moute kan yo Obòt.
44Yo kite Obòt, y' al moute kan yo Ije abrarim nan peyi Moab la.
45Yo kite Ije abrarim nan peyi Moab la, y' al moute kan yo Dibon Gad.
46Yo kite Dibon Gad, y' al moute kan yo Almon-Diblatayim.
47Yo kite Almon-Diblatayim, y' al moute kan yo sou mòn Abarim yo, anfas Mòn Nebò, bò solèy leve.
48Yo kite mòn Abarim yo, y' al moute kan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
49Yo te moute kan yo nan tout plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden an, depi Bèt ayechimòt jouk Abèl-Chitim.
50Antan yo la nan plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
51-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an,
52se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.
53N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l' paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.
54N'a tire osò pou nou ka separe l' bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l' a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.

55Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.
56Lè sa a, sa m' te fè lide fè yo a, se nou m'ap fè l'.