Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 109

Sòm 109:8-16

Help us?
Click on verse(s) to share them!
8Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.
9Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.
10Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.
11Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.
12Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.
13Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
14Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo.
15Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
16paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.

Read Sòm 109Sòm 109
Compare Sòm 109:8-16Sòm 109:8-16