Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Istwa

1 Istwa 8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Benjamen te gen senk pitit gason. Pi gran an te rele Bela, dezyèm lan Achbèl, twazyèm lan Akra,
2katriyèm lan Nora, senkyèm lan Rafa.
3Men non pitit Bela yo: Ada, Gera, Abiyoud,
4Abichwa, Naaman, Akora,
5Gera, Chefoufan ak Ouram.
6-
7Men non pitit Eyoud yo: Naaman, Ajija ak Gera. Yo te chèf branch fanmi ki t'ap viv nan zòn Geba a. Apre sa, yo mete yo deyò, y' al rete Manarat. Se Gera, papa Ouza ak Akiyoud, ki te mennen yo al rete Manarat la.
8-
9Charayim divòse ak de madanm li yo: Ouchim ak Bara. Apre sa, li al rete nan peyi Moab, li marye ak Odèch ki ba li sèt pitit gason: Jobab, Zibya, Mecha, Malkam,
10Jeou, Sakya, Mima. Tout pitit gason l' yo te chèf fanmi.
11Li te gen de lòt pitit gason Ouchim te fè pou li: Abitoub ak Elpal.
12Elpal te gen twa pitit gason: Ebè, Micham ak Chèmèd. Se Chèmèd sa a ki te bati lavil Ono ak lavil Lòd ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont li yo.
13Berya ak Chema te chèf fanmi moun ki te rete lavil Ajalon. Se yo ki te mete ansyen moun ki te rete lavil Gat yo deyò.
14Men pitit Berya yo: Akio, Chachak, Jeremòt,
15Zebadya, Arad, Edè,
16Michayèl, Ichpa ak Joa.
17Men non pitit Elpal yo: Zebadya, Mechoulam, Izki, Ebè,
18Ichmerayi, Izlija ak Jobab.

19Men pitit Chimèyi yo: Jakim, Zikri, Zabdi,
20Elyenayi, Ziltayi, Eliyèl,
21Adaja, Beraja ak Chimrat.
22Men pitit Chachak yo: Ichpan, Ebè, Eliyèl,
23Abdon, Zikri, Anan,
24Ananya, Elam, Antotija,
25Ifdeja ak Penwèl.
26Men pitit Jeworam yo: Chamcherayi, Chearya, Atalya,
27Jarechya, Elija ak Zikri.
28Chak mesye sa yo te chèf fanmi yo. Yo te rete lavil Jerizalèm.
29Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka.
30Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Nè, Nadab,
31Gedò, Akio, Zekè
32ak Miklòt ki te papa Chimea. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo.
33Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.
34Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika.
35Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz.
36Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza.

37Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl.
38Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokwou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan.
39Echèk, frè Azèl la, te gen twa pitit gason: Oulam, Jeouch ak Elifelèt.
40Pitit gason Oulam yo te vanyan sòlda ki te gen anpil ladrès nan sèvi ak banza. Yo te gen sansenkant (0150) pitit ak pitit pitit antou. Tout moun sa yo te fè pati branch fanmi Benjamen an.