Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Istwa

1 Istwa 12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Lè David t'ap viv lavil Ziklag kote li te al kache pou Sayil, pitit gason Kich la, pa jwenn li, yon bann vanyan sòlda te vin jwenn li la pou ba l' konkou nan lagè a.
2Yo tout te gen banza. Yo te gen ladrès pou voye wòch ak pou tire flèch ni ak men gòch ni ak men dwat. Se te moun branch fanmi Benjamen yo te ye tankou Sayil.
3Alatèt yo te gen Akyezè ak Joas, pitit gason Chema, moun lavil Gibeya, Jezyèl ak Pelèt, pitit gason Azmavèt, Beraka ak Jeou, moun lavil Anatòt,
4Jismaja, moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sòlda yo ak yonn nan chèf yo, Jeremi, Jakazyèl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera.
5Elouzayi, Jerimòt, Bealya, Chemarya ak Chefatya, moun lavil Awòf,
6Elkana, Jichija, Azariyèl, Joezè ak Jakobeyam, nan branch fanmi Kore a.
7Joela ak Zebadya, pitit gason Jewokam, moun lavil Gedò.
8Konsa tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lè li te nan fò nan dezè a. Se te yon bann vanyan sòlda ki te gen ladrès nan fè lagè. Yo tout te gen plak pwotèj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mòn.
9Premye a te rele Ezè, dezyèm lan Obadya, twazyèm lan Eliyab,
10katriyèm lan Michmana, senkyèm lan Jeremi,
11sizyèm lan Atayi, setyèm lan Eliyèl,
12wityèm lan Jokanan, nevyèm lan Elzabad,
13dizyèm lan Jeremi, onzyèm lan Makbanayi.
14Mesye branch fanmi Gad yo te chèf nan lame a. Pi piti ladan yo a te vo san (0100) sòlda, pi gran an te vo mil (01000) sòlda.
15Se yo menm ki te janbe lòt bò larivyè Jouden an yon lè larivyè a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lèfini, yo fè tout moun ki te rete nan fon yo mete deyò, ni sou bò solèy leve, ni sou bò solèy kouche.
16Nan branch fanmi Benjamen ak branch fanmi Jida yo te gen moun ki te vin jwenn David jouk nan fò kote l' te kache a.
17David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wè m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fè ankenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou.
18Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.

19Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l' non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mèt li.
20Men moun nan branch fanmi Manase a ki te vin mete tèt ansanm ak David apre li te tounen lavil Ziglag. Se te Adnak, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou ak Siltayi, ki te chèf rejiman mil sòlda laba nan peyi Manase.
21Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a.
22Se chak jou moun t'ap vin jwenn David pou ede l'. Se konsa li vin gen yon gwo lame ak anpil anpil moun ladan l'.
23Men kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Seyè a te bay lòd la.
24Nan branch fanmi Jida a, similwisan (06.800) gason avèk plak pwotèj yo ak frenn yo, tout byen pare pou fè lagè.
25Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan (07.100) vanyan sòlda byen pare pou fè lagè.
26Nan branch fanmi Levi a, katmilsisan (04.600),
27plis twamilsètsan (03.700) nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatèt yo.
28Te gen Zadòk tou, yon jenn vanyan gason ak vennde lòt chèf nan fanmi li.
29Nan branch fanmi Benjamen an, fanmi Sayil la menm, twamil (03.000) gason. Pifò nan moun fanmi Benjamen yo te kanpe toujou avèk Sayil.
30Nan branch fanmi Efrayim lan, venmilwisan (020.800) vanyan sòlda. Tout moun t'ap nonmen non yo nan fanmi yo.
31Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwimil (018.000) gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fotèy la.
32Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan (0200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.
33Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil (050.000) sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kè yo.
34Nan branch fanmi Neftali a, mil (01000) chèf ansanm ak trannsètmil (037.000) gason ak plak pwotèj ak frenn.
35Nan branch fanmi Dann lan ventwimilsisan (028.600) sòlda.
36Nan branch fanmi Asè a, karantmil (040.000) sòlda ki konn mache fè lagè.

37Lèfini, nan branch fanmi Woubenn lan, nan branch fanmi Gad la, ak nan mwatye branch fanmi Manase a ki te lòt bò larivyè Jouden an te gen sanvenmil (0120.000) gason ak tout kalite zam.
38Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.
39Yo pase twa jou la ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwè, paske moun Izrayèl parèy yo te pare tout bagay pou yo.
40Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.