Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 24

Lik 24:3-19

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Yo antre, men yo pa jwenn kò Seyè Jezi.
4Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere.
5Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo?
6(Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a:
7Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò.
8Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo.
9Yo soti kite kavo a, y' al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo.
10Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jan ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la.
11Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pa t' kwè yo.
12Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a.
13Menm jou sa a, te gen de disip ki tapral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm.
14De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase.
15Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo.
16Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li.
17Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris.
18Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a?
19Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen.

Read Lik 24Lik 24
Compare Lik 24:3-19Lik 24:3-19