Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 18

Lik 18:25-35

Help us?
Click on verse(s) to share them!
25L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.
26Moun ki t'ap koute l' yo di l': Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
27Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.
28Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou.
29Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a,
30moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
31Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive.
32Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li.
33Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò.
34Men, disip yo pa t' konprann anyen nan sa; sans pawòl la te kache pou yo, yo pa t' kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa.
35Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko; te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite.

Read Lik 18Lik 18
Compare Lik 18:25-35Lik 18:25-35