Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jij

Jij 14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Yon jou Samson desann ale lavil Timna, li wè yon jenn fi nan moun Filisti yo li renmen.
2Li tounen vin di papa l' ak manman l': -Mwen wè lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen.
3Manman l' ak papa l' di l' konsa: -Poukisa pou ou ale jouk kay moun Filisti yo, moun ki p'ap sèvi Bondye nou an, pou al chache yon madanm? Ou pa jwenn yon jenn fi nan fanmi ou, osinon nan pèp nou an pou ou marye? Men, Samson reponn papa l': -Tanpri, al fè lademann lan pou mwen, paske se li menm mwen renmen.
4Papa l' ak manman l' pa t' konnen se Seyè a ki t'ap pouse Samson fè sa pou l' te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lè sa a, se moun Filisti ki te chèf sou moun pèp Izrayèl yo.
5Se konsa Samson desann lavil Timna ansanm ak papa l' ak manman l'. Lè yo rive nan jaden rezen ki toupre lavil Timna a, li wè yon jenn lyon ki t'ap gwonde ki t'ap vanse sou li.
6Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.
7Lèfini, l' ale, li pale ak ti fi a, li renmen l'.
8Kèk tan apre sa, li tounen vin marye avè l'. Sou wout li, li fè yon ti detou pou l' al wè kadav lyon li te touye a. Li tou sezi jwenn yon desen myèl avèk siwo myèl anndan kadav la.
9Li pran ti moso gato myèl nan men l', li manje ladan l' antan l'ap fè rès vwayaj la. L' al jwenn manman l' ak papa l', li ba yo rès gato myèl la, epi yo manje. Men, li pa t' di yo se nan kadav lyon an li te pran l'.
10Apre sa, papa l' desann ale kay ti fi a. Lè sa a, Samson fè yon bèl resepsyon lakay la. Se konsa jenn gason yo toujou fè lè y'ap marye.
11Lè moun Filisti yo wè l', yo pran trant jenn gason yo voye pou rete avè l'.
12Samson di yo: -Mwen pral ban nou yon kont. Si nou jwenn li anvan sèt jou fèt nòs la fin pase, m'ap ban nou trant bèl varèz ak trant rechanj fèt ak bèl twal.
13Men, si nou pa jwenn li anvan lè sa a, se nou ki pral ban mwen trant varèz ak trant rechanj. Yo di l': -Dakò! Ban nou kont la. Fè nou tande l'.
14Li di yo: -Manje soti nan vant sa ki konn touye pou manje. Sa ki dous soti nan sa ki gen anpil fòs. Twa jou pase, yo pa t' ankò jwenn kont la.
15Sou katriyèm jou a, yo rele madan Samson, yo di l' konsa: -Pran tèt mari ou, fè l' ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l' ansanm avè ou ladan l'! Gen lè se pou eskanmòte tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?
16Se konsa madan Samson al jwenn mari l', li pran kriye sou zepòl li, li di l' konsa: -Ou pa renmen m'! Se rayi ou rayi m'! Ou bay zanmi m' yo yon kont, ou pa janm di m' sa l' vle di! Samson reponn li: -Gade, machè! Mwen pa menm di papa m' ak manman m' sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l'?
17Pandan tout sèt jou fèt nòs la, li pa t' sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l' twòp. Lèfini fanm lan soti al di ras li yo sa kont lan vle di.
18Se konsa, sou setyèm jou a, anvan Samson antre nan chanm li pou l' al dòmi, mesye lavil yo di l' konsa: -Kisa ki pi dous pase siwo myèl? Kisa ki gen plis fòs pase lyon? Samson di yo: -Si nou pa t' travay tèt madanm mwen, nou pa ta janm jwenn kont mwen an!

19Lè sa a, lespri Seyè a desann sou Samson pou ba l' fòs. Li pati, l' ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fè yon sèl kòlè, li tounen lakay papa l'.
20Lè sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avèk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l' lan, yo ba li madan Samson pou madanm li.