Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 23

Lik 23:18-53

Help us?
Click on verse(s) to share them!
18Yo tout pran rele ansanm: Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou.
19Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.
20Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò.
21Men yo rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa!
22Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
23Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany.
24Se konsa Pilat pran desizyon pou l' ba yo sa yo te mande a.
25Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a.
26Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l' anba kwa a pou l' pote li dèyè Jezi.
27Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li.
28Jezi vire gade yo, li di yo konsa: Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande; kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo.
29Gen jou k'ap vin dèyè; lè sa a y'a di: benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pa t' janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete.
30Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou!
31Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la?
32Yo mennen de lòt moun, de krimenèl pou yo touye ansanm ak Jezi.
33Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li.
34Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
35Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l' sove tèt pa l' tou.
36Sòlda yo t'ap pase l' nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l', yo ba l' venèg pou l' bwè,
37epi yo di li: Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!
38Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
39Yonn nan krimenèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.
40Men lòt la reprann li, li di li: Gen lè ou pa pè Bondye, ou menm ki anba menm kondannasyon avèk li a?
41Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
42Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou!
43Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.
44Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.
45Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.
46Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.
47Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
48Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sak te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo.
49Tout zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l' yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sak t'ap pase.
50Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye.
51Li t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pa t' dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside.
52Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi.
53Apre sa, li al desann kò a sou kwa a, li vlope l' nan yon bèl dra blan, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pa t' ankò janm mete pesonn ladan li.

Read Lik 23Lik 23
Compare Lik 23:18-53Lik 23:18-53