Text copied!
CopyCompare
Bib La - 2 Wa - 2 Wa 10

2 Wa 10:7-27

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7Lè yo resevwa lèt Jeou a, yo touye swasanndis pitit Akab yo, yo mete tèt yo nan panyen, yo voye yo bay Jeou lavil Jizreyèl.
8Lè yo vin di Jeou yo te pote tèt pitit wa Akab yo, li bay lòd pou yo fè de pil ak yo bò pòtay lavil la, kite yo la jouk denmen maten.
9Nan denmen maten li soti, l' ale kanpe bò pòtay la, li di moun ki te la yo: —Se mwen menm ki te fè konplo kont Joram, mèt mwen an, pou m' te touye l'. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Men, sa yo, ki moun ki touye yo?
10Sa vle di Seyè a pa nan pale mete la. Tou sa li te di sou fanmi Akab la te fèt pou rive vre. Se Seyè a menm ki fè tou sa rive jan li te di sa nan bouch Eli, sèvitè l' la.
11Se konsa Jeou touye tout rès fanmi Akab ki te lavil Jizreyèl, tout grannèg ki t'ap sèvi avè l' li yo, bon zanmi l' yo ak prèt li yo. Li pa kite yonn ladan yo vivan.
12Apre sa, li pati pou lavil Samari. Sou wout la, lè li rive bò kan gadò mouton yo,
13li jwenn ak kèk fanmi Okozyas, wa peyi Jida a. Li mande yo: —Ki moun nou ye? Yo reponn li: —Nou se fanmi wa Okozyas. Nou pral di pitit wa a ak pitit larenn lan bonjou.
14Jeou bay moun ki te avè l' yo lòd sa a: —Pran yo tou vivan! Yo pran yo tou vivan, yo koupe kou yo bò kan gadò mouton yo. Te gen karannde moun antou. Yo pa kite yonn ladan yo vivan.
15Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l' bonjou, epi li di l' konsa: —Ou gen menm lide avè m'? Eske w'ap mache avè m'? Jonadab reponn: —Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: —Si nou dakò, ban m' lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l' moute sou cha lagè a bò kote l'.
16Li di l' konsa: —Ann al avè m'. W'a wè jan mwen soti pou m' sèvi Seyè a. Se konsa yo pati ansanm sou cha a.
17Lè yo rive lavil Samari, Jeou touye dènye rès moun nan fanmi Akab la. Li pa kite yonn ladan yo vivan, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Eli a.
18Apre sa, Jeou reyini tout pèp lavil Samari a, li di yo: —Akab te sèvi Baal yon ti kras, mwen menm m'ap sèvi l' plis pase l'.
19Se poutèt sa, fè chache tout pwofèt yo, tout sèvitè Baal yo ak tout prèt li yo, fè yo vin jwenn mwen. Mwen vle pou tout moun la, paske mwen gen pou m' fè yon gwo sèvis pou Baal. Si yon moun pa la l'ap mouri. Men se yon plan Jeou te gen nan tèt li pou l' te touye tout moun k'ap sèvi Baal.
20Se poutèt sa li bay lòd pou yo fè tout moun konnen yo pral fè yon gwo sèvis pou Baal. Yo fè piblikasyon an.
21Jeou voye bay nouvèl la nan tout peyi Izrayèl la. Tout moun ki sèvi Baal yo vini. Pa t' gen yonn ki pa t' la. Yo tout antre nan tanp Baal la, yo plenn l' nèt.
22Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l' konsa: —Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn.
23Lèfini, Jeou ak Jonadab, pitit Rekab la, rive nan tanp Baal la, li di moun yo: —Se pou nou sèten se renk moun ki sèvi Baal ki la avè nou. Pa kite ankenn moun k'ap sèvi Seyè a nan mitan nou.
24Tout moun yo antre nan tanp lan pou ofri bèt pou yo touye pou Baal ak bèt pou yo boule pou li. Men, Jeou te mete katreven moun pa l' sou deyò tanp lan. Li te avèti yo, li te di yo: —Si yonn nan nou kite yonn nan moun mwen pral lage nan men nou yo chape, se li menm k'ap mouri nan plas li.
25Fini Jeou fini boule bèt yo pou Baal, li di gad yo ak kaptenn yo: —Antre, touye yo tout! Pa kite yonn ladan yo chape! Mesye Jeou yo antre ak nepe nan men yo, yo touye tout moun, yo trennen kadav yo met deyò. Lèfini, yo tounen nan pyès kote lotèl la ye nan tanp Baal la.
26Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'.
27Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a.

Read 2 Wa 102 Wa 10
Compare 2 Wa 10:7-272 Wa 10:7-27