Text copied!
CopyCompare
Bib La - Ròm - Ròm 3

Ròm 3:4-21

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y'ap jije ou.
5Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye peni nou li gen tò? (Eskize m' wi, m'ap pale tankou moun.)
6Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun?
7Bon, si lè m' bay manti, sa fè verite Bondye a parèt pi klè, si sa sèvi yon lwanj pou Bondye, poukisa pou l' ta jije m' tankou yon moun ki fè sa ki mal?
8Poukisa nou pa di pito: Ann fè sa ki mal pou Bondye ka fè plis byen toujou! Gen kèk malpalan ki pretann se sa mwen di. Enben, Bondye ap kondannen moun sa yo, epi la gen rezon.
9Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a.
10Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn.
11Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye.
12Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl.
13Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
14Bouch yo plen madichon ak jouman.
15Ti krik ti krak, se fè san koule.
16Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè.
17Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun.
18Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
19Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
20Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.
21Men koulye a, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou.

Read Ròm 3Ròm 3
Compare Ròm 3:4-21Ròm 3:4-21