Text copied!
CopyCompare
Bib La - Mak - Mak 4

Mak 4:35-39

Help us?
Click on verse(s) to share them!
35Menm jou sa a, lè solèy fin kouche, Jezi di disip li yo: -Ann janbe lòt bò lanmè a non.
36Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo.
37Yon gwo van vin leve, lanm yo kòmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo.
38Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l', yo di l' konsa: -Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen?
39Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi.

Read Mak 4Mak 4
Compare Mak 4:35-39Mak 4:35-39