Text copied!
CopyCompare
Bib La - 2 Samyèl - 2 Samyèl 23

2 Samyèl 23:1-17

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Men dènye pawòl David yo. David, pitit gason Izayi a, te yon nonm Bondye te mete byen wo. Se li menm Bondye Jakòb la te chwazi pou wa. Li te fè bèl chante pou pèp Izrayèl la. Men sa li te di:
2Se lespri Seyè a k'ap pale nan mwen. Se mesaj li k'ap soti nan bouch mwen.
3Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m' konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,
4ap tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten, nan yon syèl klè san yon ti nwaj ladan l'. L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli.
5Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.
6Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pesonn p'ap manyen yo ak men.
7Pou manyen yo se pou ou gen yon bout fè osinon yon frenn. Lèfini, ou boule yo nèt nan dife.
8Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan (0800) moun. Li touye tout yon sèl kou.
9Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit Dodo, pitit yon moun lavil Awoya. Se te yonn nan Twa pi vanyan yo. Yon jou, li menm ak David, y' al atake moun Filisti yo ki te sanble pou goumen. Sòlda pèp Izrayèl yo te kouri pou batay la.
10Men, li menm, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li touye moun jouk li gen lakranp nan men l'. Li pa t' ka louvri men l' pou l' lage nepe a. Jou sa a, Seyè a goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. Apre sa, lame pèp Izrayèl la tounen kote Eleaza te ye a, yo pran tou sa lènmi yo te kite.
11Twazyèm lan te rele Chama, pitit gason Age, moun lavil Ara. Yon jou, moun Filisti yo te sanble lavil Lechi, kote ki te gen yon gwo jaden pwa. Sòlda pèp Izrayèl yo t'ap kouri pou moun Filisti yo.
12Men Chama rete kanpe nan mitan jaden pwa a, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li bat yo byen bat. Se konsa Seyè a te goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo.
13Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn Refrayim yo.
14Lè sa a, David te nan ti fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm.
15Yon sèl anvi pran David, li di konsa: Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan?
16Lamenm, twa mesye yo desann nan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a.
17Li di konsa: Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo pou al chache l'. Se konsa li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan sòlda sa yo te fè.

Read 2 Samyèl 232 Samyèl 23
Compare 2 Samyèl 23:1-172 Samyèl 23:1-17