Text copied!
CopyCompare
Bib La - 2 Samyèl

2 Samyèl 3

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.
2Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akenoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'.
3Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'.
4Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'. Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'.
5Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, yon lòt madanm David te genyen, ki te manman l'. Yo tout te fèt antan David te rete lavil Ebwon.
6Pandan lagè a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo.
7Sayil te gen yon fanm kay ki te rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnè te kouche avè l'. Yon jou, Ichbochèt rele Abnè, li di l' konsa: -Poukisa w' al kouche avèk yonn nan fanm kay papa m' yo?
8Lè Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa: -Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l' yo, ni zanmi l' yo. Mwen goumen rèd mare pou m' pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou koulye a w'ap fè m' repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a!
9Se pou Seyè a ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre.
10Paske li te fè sèman l'ap wete baton kòmandman an nan fanmi Sayil la pou l' mete David wa sou moun Izrayèl yo ak sou moun Jida yo, soti depi teritwa Dann lan rive teritwa Becheba a.
11Ichbochèt pa t' ka reponn Abnè anyen sitèlman li te pè l'.
12Abnè voye kèk mesaje bò kote David pou di li: -Ki moun ki pral gouvènen peyi sa a? Pase yon kontra avè m'. M'ap ede ou pou tout moun Izrayèl yo vin jwenn ou.
13David reponn li: -Dakò. M'ap pase yon kontra avè ou. Men, m'ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m' san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m'.
14Apre sa, David voye kèk mesaje bò kot Ichbochèt pou di li: -Renmèt mwen Mikal, madanm mwen. Mwen te bay san po ti kòk moun Filisti pou m' te ka marye avè l'.
15Ichbochèt voye pran Mikal lakay mari li, Paltyèl, pitit gason Layis la.
16Paltyèl pati dèyè l', li t'ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnè di Paltyèl konsa: -Tounen lakay ou non, monchè! Epi Paltyèl tounen tounen l'.
17Abnè al jwenn chèf fanmi moun Izrayèl yo pou fè yon koze ak yo. Li di yo konsa: -Depi lontan nou te vle se David ki pou te wa nou, pa vre.
18Enben, men chans nou. Paske men sa Seyè a te di sou David: Mwen pral sèvi ak David, sèvitè m' lan, pou m' delivre pèp Izrayèl la, pèp mwen an, anba men moun Filisti yo ak anba men tout lòt lènmi l' yo.

19Anbè pale ak moun branch fanmi Benjamen yo tou. Lèfini, li pati pou Ebwon pou li al di David sa moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun branch fanmi Benjamen yo te tonbe dakò pou yo fè.
20Li rive lakay David lavil Ebwon. Li te gen vin lòt gason avè l'. David fè yon gwo resepsyon pou Abnè ak pou vin moun ki te avè l' yo.
21Abnè di David konsa: -Monwa, mwen prale koulye a, mwen pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo bò kote ou. y'a pase yon kontra avè ou. Konsa, w'a ka gouvènen tout peyi a jan ou vle l' la. David bay Abnè pèmisyon pou li ale. Lèfini, Abnè pati ak kè poze.
22Apre sa, Joab ak patizan David yo vin rive. Yo te sot fè yon pase kay lènmi yo, yo te tounen ak anpil bagay yo te pran lakay yo. Lè sa a, Abnè pa t' Ebwon ankò lakay David, paske David te gen tan kite l' ale ak garanti anyen p'ap rive l'.
23Lè Joab ak sòlda ki te avè l' yo rive, yo di Joab Abnè, pitit Nè a, te vin wè wa a, epi wa a kite l' ale ak garanti anyen p'ap rive l'.
24Joab al jwenn wa a, li di li: -Sa ou fè konsa? Abnè vin jwenn ou epi ou kite l' ale san ou pa fè l' anyen?
25Ou konn ki moun yo rele Abnè, pitit Nè a! Si li vini, se pou l' ka woule ou, pou l' ka konnen tout vire tounen ou, pou l' konnen tou sa w'ap fè.
26Lèfini, Joab soti kay David, li voye moun al chache Abnè san David pa konnen. Yo jwenn Abnè bò sitèn dlo Sira a, yo fè l' tounen.
27Lè Abnè rive Ebwon, Joab mennen l' apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avè l'. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè l' la.
28Lè David vin pran nouvèl la, li di: -Seyè a wè ni mwen ni moun gouvènman yo, nou pa gen anyen pou nou wè nan lanmò Abnè, pitit Nè a.
29Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.
30Se konsa, Joab ak Abichay, frè l' la, te ansasinen Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè yo a, lè batay Gabawon an.
31Apre sa, David bay Joab ak tout moun ki te avè l' yo lòd pou yo chire rad ki sou yo, pou yo mete rad sak sou yo, lèfini pou yo mache devan sèkèy Abnè a ap kriye. Wa David menm t'ap mache dèyè sèkèy defen an.
32Yo antere Abnè Ebwon. Apre sa, wa a pran rele byen fò, li t'ap kriye sou tonm Abnè a. Tout pèp la t'ap kriye tou.
33Wa a pran chante pou plenn lanmò Abnè. Li di nan chante a: -Abnè, poukisa ou mouri bèt konsa?
34Men ou yo pa t' mare, pye ou yo pa t' nan chenn. Ou mouri tankou moun ki tonbe nan men malfektè! Tout pèp la pran kriye ankò pou Abnè.
35Apre sa, pandan tout rès jounen an, yo pote manje bay David pou li manje, men David fè sèman sa a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen mete anyen nan bouch mwen anvan solèy kouche!
36Tout pèp la vin konn sa. Sa te fè yo plezi. Pou di vre, tou sa David te fè te fè pèp la plezi.

37Se konsa tout moun David yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te vin konnen tout bon vre wa a pa t' gen anyen pou l' te wè nan jan yo te ansasinen Abnè, pitit gason Nè a.
38Wa a di moun k'ap sèvi avè l' yo: -Aa, mesye! Jòdi a pèp Izrayèl la pèdi yon chèf, yon gwo chèf wi!
39Atout se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m' fèb jòdi a. Pitit gason Sewouya yo twò mechan pou mwen. Se pou Bondye pini krimenèl sa yo pou mechanste yo fè a.