Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 12

Lik 12:48-57

Help us?
Click on verse(s) to share them!
48Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l' anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li.
49Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja!
50Mwen gen yon batèm pou m' resevwa. Men, mwen twouve l' pran anpil tan pou l' rive.
51Nou kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon.
52Depi koulye a, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa.
53Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.
54Jezi t'ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre.
55Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre.
56Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase koulye a nan tan sa a?
57Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat?

Read Lik 12Lik 12
Compare Lik 12:48-57Lik 12:48-57