7Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!
8Se Seyè a ki te fè zetwal yo, Lapousiyè ak Oryon. Li fè lannwit tounen lajounen, li fè lajounen tounen lannwit. Li rele dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele l' Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.
9Li rale malè sou gwo chèf yo, li fè kraze sitadèl yo nèt.
10Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal.
11Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo.
12Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal.
13Se poutèt sa, yon moun ki gen konprann, se je wè bouch pe. Tan an twò move deyò a.
14Chache fè sa ki byen pou nou ka viv. Pa fè sa ki mal. Lè sa a, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, va kanpe avèk nou jan n'ap plede di l' la.
15Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.