Text copied!
CopyCompare
Bib La - Neemi

Neemi 3

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.
2Moun lavil Jeriko yo rebati ti pòsyon ki vin apre pa Elyachib, granprèt la. Zakòv, pitit gason Imri a, rebati pòsyon ki vin apre pa moun Jeriko yo.
3Moun branch fanmi Sena yo rebati Pòtay Pwason yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay yo.
4Meremòt, pitit Ouri, pitit pitit Akòk la, repare pòsyon ki vin apre a. Mechoulam, pitit gason Berekya a, pitit pitit Mechezabeyèl la, rebati pòsyon ki vin apre a. Zadòk, pitit gason Bana a, rebati pòsyon ki vin apre a.
5Moun lavil Tekoa yo rebati pòsyon ki vin apre a. Men, grannèg lavil Tekoa yo te refize fè travay chèf la te ba yo fè a.
6Jojada, pitit gason Paseyak, ak Mechoulam, pitit gason Besodya a, travay ansanm pou rebati Pòtay Ansyen an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.
7Melatya, moun lavil Gabawon, Jadon, moun lavil Mewonòt, avèk moun lavil Gabawon yo ansanm ak moun lavil Mispa yo rebati pòtay miray ki vin apre a, rive jouk bò kay gouvènè Pwovens lòt bò larivyè Lefrat la.
8Ouzyèl, pitit gason Araja, yon òfèv, te rebati pòsyon ki vin apre a. Ananya, yon nonm ki konn fè odè, te repare pòsyon ki vin apre a. Se konsa yo te ranfòse ranpa lavil Jerizalèm lan jouk gwo miray laj la.
9Refaja, pitit gason Our la, chèf mwatye lavil Jerizalèm, te repare pòsyon ki vin apre a.
10Jedaya, pitit gason Awoumaf, te rebati pòsyon miray ki devan lakay li a. Atouch, pitit gason Achabneja a, rebati pòsyon ki vin apre a.
11Malkija, pitit gason Arim lan, ak Achoub, pitit gason Pakat Moab la, te repare tou pòsyon ki vin apre a, jouk Fò Founacho a.
12Chaloum, pitit gason Aloèch la, chèf lòt mwatye lavil Jerizalèm la, te rebati pòsyon ki vin apre a. Pitit fi li yo te ede l' nan travay la.
13Anoun avèk moun ki rete lavil Zanoak yo rebati Pòtay Ti-Fon an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Epi yo repare yon bout nan miray la ki te mezire milsenksan (01.500) pye longè rive jouk bò Pòtay Depotwa a.
14Se Malkija, pitit gason Rekab la, chèf lavil Bèt akerèm lan, ki te rebati Pòtay Depotwa a, li menm ansanm ak pitit gason l' yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.
15Se Chaloum, pitit gason Koloze a, gouvènè lavil Mispa a, ki te rebati Pòtay Fontenn lan. Li mete yon twati sou li, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Li refè miray ki soti bò letan Chela a tou, toupre jaden wa a, rive jouk bò macheskalye ki desann soti nan lavil David la.
16Neemi, pitit Azbouk, chèf mwatye lavil Bèt-Sou a, te rebati pòsyon ki vin apre a, rive bò tonm David la, bò sitèn dlo a, ak bò kazèn Vanyan gason yo.
17Men moun Levi ki te ede rebati miray ranpa yo: Reyoum, pitit gason Bani a, te rebati pòsyon ki vin apre pa Neemi an. Achabya, chèf mwatye lavil Keyla a, rebati pòsyon ki vin apre a pou tout moun ki sou bò pa l' nan lavil la.
18Bavayi, pitit gason Enadad, ki te chèf lòt mwatye lavil Keyla a, te rebati pòsyon ki vin apre a.

19Ezè, pitit gason Jechwa a, chèf lavil Mispa, repare yon dezyèm lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, anfas kote pou moute lasnal la, nan direksyon kwen miray ranpa a.
20Bawouk, pitit gason Zabayi a, te repare pòsyon ki vin apre a, depi kwen an rive devan pòt kay Elyachib, granprèt la.
21Meremòt, pitit gason Ouri a, pitit pitit gason Akòz, te rebati pòsyon ki vin apre a, pran depi devan papòt kay Elyachib la rive jouk nan dènye bout kay la.
22Men non prèt ki te ede nan rebati miray ranpa lavil Jerizalèm lan tou. Prèt ki rete nan tout zòn bò lavil la rebati pòsyon miray ki vin apre kay Elyachib la.
23Benjamen ak Achoub te repare pòsyon miray ki devan lakay yo a, pòsyon ki vin apre a. Azarya, pitit gason Maseya a, pitit pitit gason Ananya a, te rebati pòsyon miray ki vin apre a, devan lakay li a.
24Bennwi, pitit gason Enadad la, te repare yon lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, depi bò kay Azarya a rive jouk nan kwen an.
25Palal, pitit gason Ouzayi a, te repare pòsyon ki vin apre a. Li konmanse nan kwen an, li pran miray Fò Palè Wa ki anwo nan lakou prizon an. Pedaja, pitit gason Pareòch la, repare pòsyon ki vin apre a,
26moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.)
27Moun lavil Tekoa yo te repare yon lòt pòsyon ankò nan miray la, pòsyon ki vin apre a, anfas gwo fò ki pwoteje tanp lan, rive toupre miray Ofèl la.
28Yon gwoup prèt te rebati pòsyon ki vin apre a, nan direksyon nò. Chak moun te rebati pòsyon ki devan kay yo a.
29Zadòk, pitit Imè a, te repare pòsyon ki vin apre a, anfas lakay li a. Chemaya, pitit Chekanya a, nonm ki te wachmann Pòtay Solèy leve a, te rebati pòsyon ki vin apre a.
30Ananya, pitit Chelemaya a, ak Anoun, sizyèm gason Zalaf la, rebati pòsyon ki vin apre a. Se te dezyèm pòsyon yo te repare. Mechoulam, pitit gason Berekya a, rebati pòsyon ki te vin apre a, anfas lakay li a.
31Malchiya, yon òfèv, te repare pòsyon ki vin apre a, jouk kote travayè tanp yo ak kòmèsan yo rete, anfas Pòtay Mifkad la ki bay sou tanp lan, toupre pyès chanm ki anwo kwen sou bò miray la.
32Efèv yo ak kòmèsan yo te rebati pòsyon miray ki soti bò pyès chanm anwo kwen nò a rive Pòtay Mouton yo.