Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 18

Lik 18:5-16

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Men, fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa la sispann anbete mwen.
6Jezi di: Nou tande sa move jij la di!
7Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo?
8M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men, lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini, èske la jwenn moun ki gen konfyans nan Bondye ankò sou latè?
9Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun:
10Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon.
11Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a.
12Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.
13Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.
14Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.
15Yo te mennen ata tibebe bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa.
16Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.

Read Lik 18Lik 18
Compare Lik 18:5-16Lik 18:5-16