3Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a.
4Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a.
5Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a.
6Pou branch fanmi Jida a, se te Kalèb, pitit gason Jefoune a.
7Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozèf la.
8Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan.