Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 147

Sòm 147:1-9

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre!
2Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.
3L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.
4Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.
5Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
6Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.
7Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.
8Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.
9Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.

Read Sòm 147Sòm 147
Compare Sòm 147:1-9Sòm 147:1-9