Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jij - Jij 19

Jij 19:2-20

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l', li tounen lakay papa l', lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la.
3Lè sa a, mari a leve, l' al dèyè l' pou l' wè si li te ka tounen avè l' ankò. Li te pati ansanm ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa l' lakay papa l'. Lè papa madanm lan wè l', li te byen kontan resevwa l' tou.
4Bòpè a pran tèt moun Levi a, li fè l' rete pase twa jou avè l'. Mesyedam yo manje, yo bwè, yo pase nwit nan kay la.
5Sou katriyèm jou a, yo leve granmaten, yo pare zafè yo pou yo pati. Men, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Mete yon bagay nan vant ou anvan. W'a santi ou anfòm. Aprè sa, w'a pati.
6Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non!
7Nonm lan te leve pou l' pati, men bòpè a sitèlman kenbe la avè l', li tounen pase nwit la la ankò.
8Sou senkyèm jou a, nan granmaten, li leve pou l' ale. Bòpè a di l' konsa: -Mete kichòy nan vant ou non, monchè. W'a pati pita. Se konsa de mesye yo chita, yo manje.
9Aprè sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bòpè a di l': -Gade solèy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talè fènwa pral tonbe. Rete non, monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'aprale lakay ou.
10Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm.
11Lè sa a, te konmanse ap fè nwa anpil, domestik la di l' konsa: -Ann fè yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la.
12Men, mèt la di l' konsa: -Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lòt nasyon yo, kote pa gen yon moun pèp Izrayèl la menm. N'ap fè wout nou jouk nou rive lavil Gibeya.
13Ann al pi devan. N'a pase nwit lan lavil Gibeya osinon lavil Rama.
14Se konsa yo pa rete, y' al fè wout yo. Solèy t'ap fin kouche lè yo rive bò lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo.
15Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo.
16Nan aswè, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mòn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye.
17Je granmoun lan al tonbe sou vwayajè yo ki te sou plas la. Li di moun Levi a konsa: -Kote ou prale? Kote ou soti?
18Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo.
19Nou gen manje ak zèb pou bourik nou, nou gen pen ak diven pou mwen, pou fanm kay mwen, ak pou domestik ki ak nou an. Nou pa manke anyen.
20Lè sa a granmoun lan di: -Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sèlman pa rete pase nwit lan la sou plas la.

Read Jij 19Jij 19
Compare Jij 19:2-20Jij 19:2-20