Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 16

1 Wa 16:4-17

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Chen pral manje kadav moun nan fanmi li ki va mouri nan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò yo.
5Tout lòt istwa sou sa Bacha te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
6Lè Bacha mouri, yo antere l' lavil Tiza. Se Ela, pitit gason l', ki moute wa nan plas li.
7Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
8Wa Asa t'ap mache sou vennsizan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Ela, pitit gason Bacha, moute wa peyi Izrayèl la. Li gouvènen pandan dezan lavil Tiza.
9Zimri, yonn nan chèf li yo ki te reskonsab mwatye cha lagè wa a, moute yon konplo kont wa a. Yon jou, Ela te lavil Tiza, li t'ap bwè gwòg lakay Atza ki te reskonsab palè wa a.
10Zimri antre nan kay la, li touye wa Ela, li pran plas li sou fotèy la. Tou sa pase nan vennsetyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida a.
11Moute Zimri moute wa, li touye dènye moun nan fanmi Bacha a. Li touye tout gason ki te fanmi l' osinon zanmi l'.
12Se konsa Zimri te touye tout fanmi Bacha a, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Jeou a.
13Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
14Tout lòt bagay Ela te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl la.
15Wa Asa t'ap mache sou vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a, lè Zimri pran pouvwa a pou sèt grenn jou lavil Tiza nan peyi Izrayèl. Lè sa a, lame pèp Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibeton nan peyi Filisti.
16Lè sòlda yo pran nouvèl Zimri te fè konplo sou wa a, li te menm touye l', lapoula yo nonmen Omri, kòmandan lame a, wa peyi Izrayèl.
17Omri kite lavil Gibeton ansanm ak tout lame a, li moute, l' al sènen lavil Tiza.

Read 1 Wa 161 Wa 16
Compare 1 Wa 16:4-171 Wa 16:4-17