Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 16

1 Wa 16:13-30

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
14Tout lòt bagay Ela te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl la.
15Wa Asa t'ap mache sou vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a, lè Zimri pran pouvwa a pou sèt grenn jou lavil Tiza nan peyi Izrayèl. Lè sa a, lame pèp Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibeton nan peyi Filisti.
16Lè sòlda yo pran nouvèl Zimri te fè konplo sou wa a, li te menm touye l', lapoula yo nonmen Omri, kòmandan lame a, wa peyi Izrayèl.
17Omri kite lavil Gibeton ansanm ak tout lame a, li moute, l' al sènen lavil Tiza.
18Lò Zimri wè lavil la tapral tonbe nan men Omri, li antre nan ti fò ki sou tèt palè wa a, li mete dife nan palè a, epi li mouri nan dife a.
19Sa te pase konsa paske Zimri te fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, li te lakòz pèp Izrayèl la fè peche tou.
20Tout lòt bagay Zimri te fè ak istwa konplo li te moute a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
21Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo te fè de kan: Mwatye ladan yo te vle fè Tibni, pitit gason Genat la, wa. Mwatye te pou Omri.
22Patizan Omri yo kraze patizan Tibni, pitit gason Genat la. Tibni mouri, Omri moute wa.
23Se konsa nan tranteyenyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida, Omri moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan douzan. Pandan sizan, li gouvènen nan lavil Tiza.
24Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil (06.000) pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l' Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.
25Omri fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l' yo.
26Li mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.
27Tout lòt istwa sou sa Omri te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
28Lè Omri mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Akab, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
29Wa Asa te gen trantwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Akab, pitit Omri a, moute wa peyi Izrayèl. Pandan venndezan li gouvènen peyi Izrayèl nan lavil Samari.
30Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l' yo.

Read 1 Wa 161 Wa 16
Compare 1 Wa 16:13-301 Wa 16:13-30