Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 24

Travay 24:8-20

Help us?
Click on verse(s) to share them!
8Apre sa, Lizyas bay moun ki t'ap akize l' yo lòd pou yo vin parèt devan ou. Si ou poze nonm sa a keksyon, wa wè ou menm tou, ki jan sa n'ap di la a se verite tou klè.
9Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.
10Gouvènè a fè Pòl siy pou l' pale. Pòl di: Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou.
11Ou mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou m' al fè sèvis pou Bondye.
12Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pesonn nan tanp lan, yo pa bare m' ap moute tèt pesonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la.
13Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a.
14Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.
15Mwen gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l' tou; yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve soti vivan nan lanmò.
16Se konsa m'ap fè posib mwen pou m' toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun.
17Apre mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m' tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye.
18Men sa m' t'ap fè lè yo jwenn mwen nan tanp lan. Mwen te fin patisipe nan jou sèvis pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Pa te gen foul moun avè m', pa te gen kras dezòd.
19Men, te gen kèk jwif ki te soti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m', si yo te gen kichòy kont mwen.
20Osinon, se pou moun ki isit la di ki move zak yo jwenn mwen te fè lè m' te kanpe devan Gran Konsèy la.

Read Travay 24Travay 24
Compare Travay 24:8-20Travay 24:8-20