Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 11

Travay 11:2-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Lè Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li.
3Yo di l' konsa: Apa ou antre lakay moun ki pa sikonsi, ou manje ak yo?
4Lè sa a, Pyè rakonte yo sak te pase nan tout ti detay. Li di yo:
5Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m' fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen.
6Lè m' gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwezo.
7Epi m' tande yon vwa ki di m' konsa: Leve non, Pyè, touye, manje.
8Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye nan bouch mwen.
9Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', pa di l' pa bon pou yo.
10An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la.

Read Travay 11Travay 11
Compare Travay 11:2-10Travay 11:2-10