Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 22

Resansman 22:36-41

Help us?
Click on verse(s) to share them!
36Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l' al kontre l' jouk Amoab, yon lavil sou fwontyè bò larivyè Anon an.
37Balak di Balaram konsa: -Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen? Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l' la?
38Balaram reponn: -Apa mwen vini fwa sa a! Men mwen tou pale ou, se pawòl Bondye va mete nan bouch mwen ase m'ap di.
39Se konsa, Balaram ale avèk Balak jouk yo rive lavil Kiriyat-Ousòt.
40Rive la, Balak fè touye bèf ak mouton, epi li voye kèk moso vyann bay Balaram ansanm ak chèf ki te avè l' yo.
41Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòtbaal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.

Read Resansman 22Resansman 22
Compare Resansman 22:36-41Resansman 22:36-41