Text copied!
CopyCompare
Bib La - Ròm - Ròm 10

Ròm 10:8-14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
8Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesaj konfyans nan Bondye, mesaj n'ap anonse a.
9Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.
10Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,
11dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.
12Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.
13Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.
14Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,

Read Ròm 10Ròm 10
Compare Ròm 10:8-14Ròm 10:8-14