Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 25

Levitik 25:29-55

Help us?
Click on verse(s) to share them!
29Si yon nonm vann yon kay ki nan yon bouk ki gen ranpa, li gen yon lanne delè, depi dat li te vann kay la, pou l' reachte l' ankò. Pase yon lanne, li pèdi dwa a.
30Si li kite tout lanne a pase san li pa reachte kay la, kay la ap rete pou moun ki te achte l' la ak pou pitit pitit li yo. Yo p'ap renmèt li kay la lè lanne rejwisans la rive.
31Men, kay ki nan bouk kote ki pa gen ranpa, y'ap konsidere yo menm jan ak yon jaden. Ansyen mèt la gen dwa reachte l' ankò. Men, tout jan se pou yo renmèt li kay la, lè lanne rejwisans lan rive.
32Moun Levi yo menm ap gen lavil pa yo apa. Yon moun Levi ap toujou gen dwa reachte kay ki te pou li nenpòt kilè.
33Si yon moun Levi rive vann yon kay ki nan lavil moun Levi yo, epi li pa reachte l', se pou yo renmèt li kay la lè lanne rejwisans lan rive, paske lè yon moun Levi gen yon kay nan mitan pèp la, kay la pou li nèt.
34Konsa tou, pou jaden ki tout arebò lavil moun Levi yo, yo pa gen dwa vann li, paske se pou yo li ye pou tout tan.
35Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou.
36Pa fè l' peye ankenn enterè, pa ba l' ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l' viv tou.
37Piga nou mande l' enterè sou lajan nou prete l'. Piga nou ba l' ponya pou manje nou vann li.
38Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka ban nou peyi Kanaran an epitou pou m' te ka Bondye nou.
39Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l' fè travay yon domestik.
40L'ap rete lakay nou tankou moun lòt nasyon yo k'ap travay pou lajan lakay nou. L'a sèvi nou jouk lanne rejwisans k'ap vini an.
41Lè sa a, li menm ak tout pitit li yo, y'a kite lakay nou, y'a tounen al jwenn fanmi yo, epi y'a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a.
42Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Yo pa gen dwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun.
43Piga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an.
44Lè n'a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k'ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an.
45Nou ka achte pitit moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou.
46N'a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y'a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè.
47Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l' esklav.
48Apre li vann tèt li a, l'a toujou gen avantaj moun ka reachte l' pou ba li libète l'. Se bagay yonn nan frè li yo,
49osinon tonton l', osinon pitit gason tonton l' yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou.
50Dakò ak moun ki te achte l' la, se pou l' konte konbe lanne ki gen depi lanne li te vann tèt li bay moun lan jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, l'a kalkile lajan pou l' bay la sou kantite lanne l'a jwenn lan, epi sou pri yo peye lè konsa pou yon moun k'ap travay pou lajan lakay moun.
51Lè gen anpil lanne ki rete, l'a kalkile sou yo pou l' konnen valè lajan pou l' renmèt pou l' ka reachte tèt li.
52Men, si pa gen lanne ki rete anvan lanne rejwisans lan, y'a kalkile ansanm, epi l'a renmèt li lajan dapre kantite lanne ki rete a pou l' ka reachte tèt li.
53Paske l'ap travay ak moun lan tankou domestik k'ap travay pou lajan pa an, ou pa fèt pou kite moun lan maltrete li.
54Si li pa reachte tèt li konsa, lè lanne rejwisans lan rive, ni li menm, ni pitit gason l' yo va lib ankò. Epi y'a kite kay moun lan.
55Se pou nou swiv regleman sa yo, paske se esklav pa m' moun pèp Izrayèl yo ye. Yo se esklav mwen te fè soti kite peyi Lejip. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.

Read Levitik 25Levitik 25
Compare Levitik 25:29-55Levitik 25:29-55