Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 11

Jan 11:3-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad.
4Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.
5Jezi te renmen Mat, Mari, sè l' la, ansanm ak Laza.
6Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l' te ye a.
7Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide.
8Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò?
9Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a.
10Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li.
11Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.
12Disip yo reponn li: Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri.

Read Jan 11Jan 11
Compare Jan 11:3-12Jan 11:3-12