Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 11

Jan 11:29-46

Help us?
Click on verse(s) to share them!
29Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi.
30(Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.)
31Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a.
32Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri.
33Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann.
34Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non.
35Jezi kriye.
36Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!
37Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri?
38Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li.
39Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a.
40Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?
41Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.
42Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.
43Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!
44Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.
45Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.
46Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè.

Read Jan 11Jan 11
Compare Jan 11:29-46Jan 11:29-46