Text copied!
Bibles in Haitian

Jan 11:29-46 in Haitian

Help us?

Jan 11:29-46 in Bib La

29 Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi.
30 (Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.)
31 Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a.
32 Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri.
33 Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann.
34 Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non.
35 Jezi kriye.
36 Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!
37 Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri?
38 Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li.
39 Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a.
40 Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?
41 Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.
42 Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.
43 Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!
44 Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.
45 Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.
46 Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè.
Jan 11 in Bib La