Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 1

Pwovèb 1:10-27

Help us?
Click on verse(s) to share them!
10Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.
11Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.
12Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere.
13N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran.
14W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout.
15Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase!
16Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò.
17Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwezo wè ou ap tann pèlen pou li?
18Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri.
19Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.
20Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik.
21L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.
22L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann?
23Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen.
24Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'.
25Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou.
26Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib.
27Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou,

Read Pwovèb 1Pwovèb 1
Compare Pwovèb 1:10-27Pwovèb 1:10-27