Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 23

Lik 23:5-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Men, yo kenbe la avè l', yo di: L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.
6Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile.
7Aprann Pilat aprann Jezi te soti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a.
8Ewòd pa t' manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l'. Li te kwè li tapral wè Jezi fè kèk mirak.
9Li poze l' anpil keksyon, men Jezi pa reponn li anyen.
10Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi.
11Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l' nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li; epi yo voye l' tounen bay Pilat.
12Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi.

Read Lik 23Lik 23
Compare Lik 23:5-12Lik 23:5-12