Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jozye - Jozye 8

Jozye 8:12-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
12Jozye pran senkmil (05.000) sòlda, li fè yo al kache sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl.
13Se konsa, pifò nan lame a moute kan yo sou bò nò lavil la, epi rès lame a al kache kò yo sou bò solèy kouche. Jou sa a, Jozye pase lannwit lan nan Fon an.
14Lè wa lavil Ayi a wè sòlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo soti al atake moun Izrayèl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pa t' konnen yo tapral atake l' sou dèyè.
15Jozye ak moun pa l' yo fè tankou y'ap kouri pou yo, yo lage kò yo nan dezè a.
16Tout gason ki te nan lavil la t'ap kouri dèyè yo, yo t'ap rele byen fò. Se konsa, nan kouri dèyè Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dèyè.
17Pa t' gen yon gason nan lavil Ayi a, tout te kouri soti dèyè pèp Izrayèl la. Yo kite pòtay lavil la gran batan louvri san pesonn pou defann li.
18Seyè a di Jozye konsa: -Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l' sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou. Jozye lonje frenn ki te nan men l' lan sou lavil la.
19Leve li leve men l', mesye ki te anbiske kò yo soti byen vit nan kachèt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l'.
20Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap soti nan lavil la moute nan syèl, yo pa t' konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo.
21Lè Jozye ak tout moun li yo wè lòt sòlda ki te kache yo te pran lavil la, lè yo wè dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo.
22Lòt moun pèp Izrayèl yo menm soti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan,
23esepte wa lavil Ayi a. Yo pran msye, yo mennen l' bay Jozye.
24Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l'.
25Jou sa a, yo touye douzmil (012000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a.
26Jozye menm te kenbe bra l' leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a.
27Moun Izrayèl yo te pran tout bèt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Seyè a te bay Jozye lòd la.
28Jozye boule lavil Ayi a, li fè l' tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a.

Read Jozye 8Jozye 8
Compare Jozye 8:12-28Jozye 8:12-28