19Lè sa a, Jozye di pèp la: -Nou p'ap ka sèvi Seyè a, paske Seyè a se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki fè jalouzi. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal.
20Si nou lage Seyè a, si n' al sèvi lòt bondye, Seyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, l'a pini nou, l'a fini nèt ak nou.
21Pèp la reponn: -Non. Sa p'ap janm rive. Se Seyè a n'ap sèvi!
22Lè sa a, Jozye di pèp la: -Mwen pran nou sèvi temwen, se nou menm menm ki chwazi se Seyè a n'ap sèvi. Yo reponn: -Wi, nou tout temwen.
23Jozye di yo lè sa a: -Koulye a, se pou nou pran tout bondye lòt pèp ki nan mitan nou ap sèvi yo, voye yo jete. Se pou nou apiye nèt ak tout kè nou sou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
24Pèp la reponn li: -Se Seyè a, Bondye nou an, n'ap sèvi. N'ap koute tou sa li di nou fè.
25Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv.
26Jozye ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l' kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Seyè a.
27Epi Jozye di pèp la konsa: -Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Seyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an!
28Apre sa, Jozye voye pèp la ale, chak moun sou pòsyon tè ki te vin pou fanmi yo.
29Apre tout bagay sa yo, Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (0110 an).
30Yo antere l' sou tè ki te pou li a, nan zòn Timnat-Sera, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach.
31Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.
32Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.
33Apre sa, lè Eleaza, pitit gason Arawon an, mouri, yo antere l' sou ti mòn ki te pou Fineas, pitit gason l' lan. Yo te ba li ti mòn sa a ki nan mitan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan.