Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jozye - Jozye 18

Jozye 18:5-16

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò.
6N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Seyè a, Bondye nou an.
7Moun Levi yo menm p'ap resevwa ankenn pòsyon nan tè a tankou lòt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fè se sèvi pou yo sèvi prèt pou Seyè a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Woubenn yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gen tan resevwa pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, jan Moyiz, sèvitè Bondye, te ba yo l' la.
8Se konsa mesye yo al vizite tout peyi a pou yo ka make sou papye jan peyi a ye. Anvan sa, Jozye te bay mesye yo lòd sa a: -Ale mache nan tout peyi a. Make jan nou wè l'. Apre sa, tounen vin jwenn mwen. M'a moute Silo pou m' ka tire osò pou nou, pou m' ka konnen volonte Seyè a.
9Mesye yo pati, yo mache nan tout peyi a. Yo make sou papye tout lavil yo jwenn. Yo separe yo fè sèt pòsyon ak non tout lavil yo, epi yo pote l' bay Jozye nan kan Silo a.
10Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Seyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.
11Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pòsyon tè ki nan mitan an, pòsyon tè moun Jida yo yon bò ak pòsyon tè moun Jozèf yo yon lòt bò.
12Sou bò nò, lizyè yo a te konmanse larivyè Jouden, li moute flan nò mòn Jeriko a, li rale moute sou mòn yo nan direksyon solèy kouche, jouk li rive nan dezè Bèt avenn lan.
13Apre sa, li pase lavil Louz, sou bò sid bit Louz la kote yo rele jouk jòdi a Betèl. Li desann Atawòt ada, sou mòn ki sou bò sid lavil Bètowon an.
14Lizyè a fè yon koub, li vire kite direksyon lwès, li pran direksyon sid, depi sou mòn ki anfas Bètowon an sou bò sid, jouk li rive lavil Kiriyat-Baal yo rele Kiriyat-Jearim jòdi a, ki te pou moun Jida yo. Se sa ki te limit pòsyon pa moun Benjamen yo sou bò solèy kouche.
15Men limit yo sou bò sid: li pati depi nan Kalfou Kiriyat-Jearim lan, li moute bò Gachen, li pran direksyon lwès, li parèt bò sous dlo Neftoa yo.
16Apre sa, li rive jouk bò mòn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bò nò plenn Refayim yo. Li pran pant mòn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l' al bout sou Anwogèl.

Read Jozye 18Jozye 18
Compare Jozye 18:5-16Jozye 18:5-16