Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jij - Jij 20

Jij 20:3-9

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Moun Benjamen yo vin konnen rès pèp Izrayèl la te moute lavil Mispa. Moun Izrayèl yo mande: -Manyè di nou ki jan bagay lèd sa a fè rive.
4Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m' te pase nwit.
5Mesye lavil Gibeya yo te soti pou vin pran m' nan mitan lannwit lan, yo sènen kay kote m' te ye a. Yo te vle touye m'. Yo fè kadejak sou fanm kay mwen an, epi li mouri.
6Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la.
7Nou tout isit la se moun pèp Izrayèl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fè?
8Tout pèp la kanpe ansanm, epi yo di: -Pesonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyò.
9Men sa nou pral fè: nou pral tire osò pou n' chwazi kèk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo.

Read Jij 20Jij 20
Compare Jij 20:3-9Jij 20:3-9