Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jij - Jij 11

Jij 11:5-26

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Lè moun Amon yo vin atake pèp Izrayèl la, chèf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tòb pou mennen l' tounen.
6Yo di l' konsa: -Vini non! Pran kòmandman lame nou an pou n' ka goumen ak moun Amon yo.
7Men, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Mwen te kwè nou pa vle wè m'? Nou fòse m' kite lakay papa m'! Koulye a nou nan traka, poukisa se mwen menm nou vin jwenn?
8Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou vin jwenn ou koulye a, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avèk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chèf tout moun ki rete nan peyi Galarad la.
9Lè sa a, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Tansèlman, si nou fè m' tounen lakay pou m' goumen ak moun Amon yo, si Seyè a fè m' kraze yo, se mwen menm k'ap chèf nou tout bon wi!
10Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a.
11Se konsa, Jefte ale avèk chèf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l' chèf pou l' gouvènen yo, pou l' kòmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Seyè a, lavil Mispa.
12Lèfini, Jefte voye mesaje bay wa moun Amon yo pou di l': -Kisa ou gen avèk nou? Poukisa ou vini goumen ak nou jouk nan peyi nou?
13Wa moun Amon yo reponn mesaje Jefte yo: -Se paske pèp Izrayèl la, lè yo soti kite peyi Lejip, yo pran peyi a nan men nou, depi larivyè Anon jouk larivyè Jabòk ak larivyè Jouden. Koulye a se pou yo renmèt nou tè nou san bri san kont.
14Jefte voye mesaje yo tounen al jwenn wa moun Amon yo,
15avèk repons sa a: -Pèp Izrayèl la pa janm pran ankenn pòsyon nan tè moun Moab yo, ni nan tè moun Amon yo.
16Paske lè pèp Izrayèl la t'ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezè a jouk lanmè Wouj yo, epi yo rive Kadès.
17Lè sa a, pèp Izrayèl la voye mesaje bò kote wa peyi Edon an pou di l' konsa: Tanpri, kite nou fè yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pa t' vle kite yo pase. Yo te voye tou bò kote wa Moab la. Men, li menm tou, li pa t' vle kite yo pase. Se konsa pèp Izrayèl la rete Kadès.
18Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la.
19Lè sa a pèp Izrayèl la voye mesaje bay Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon. Yo voye mande l' pèmisyon pou yo fè yon ti pase nan peyi l' la pou yo ka rive nan peyi kote yo prale a.
20Men, Siyon pa t' fè pèp Izrayèl la konfyans, li pa t' kite yo pase. Li sanble tout sòlda li yo, yo vin moute kan yo bò Ajaza, epi yo atake pèp Izrayèl la.
21Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pèp Izrayèl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pèp Izrayèl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zòn lan.
22Yo pran tout peyi moun Amori yo pou yo, soti larivyè Anon bò nan sid jouk larivyè Jabòk bò nan nò, depi dezè a bò solèy leve jouk larivyè Jouden bò solèy kouche.
23Konsa, se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te mete moun Amori yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la, pèp li a.
24Koulye a, ou ta vle reprann tè a nan men Seyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou?
25Eske ou pi bon pase Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab la? Li pa janm leve dwèt li sou pèp Izrayèl la, li pa janm leve vin goumen ak nou.
26Pèp Izrayèl la gen twasanzan depi li rete lavil Esbon ak lavil Awoyè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo, ak tout lavil ki sou de bò larivyè Anon an. Poukisa, depi tout tan sa a, nou pa t' reprann yo?

Read Jij 11Jij 11
Compare Jij 11:5-26Jij 11:5-26