Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 7

Jan 7:40-52

Help us?
Click on verse(s) to share them!
40Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la!
41Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile.
42Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a.
43Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi.
44Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li.
45Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou?
46Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.
47Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou?
48Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li?
49Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!
50Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa:
51Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fè.
52Yo reponn li: Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wè pa gen pwofèt ki janm soti nan peyi Galile.

Read Jan 7Jan 7
Compare Jan 7:40-52Jan 7:40-52