Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 4

1 Wa 4:2-15

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Men non chèf ki te nan gouvènman li an: Azarya, pitit Zadòk, te prèt la.
3Elikorèf ak Akija, pitit gason Chicha yo, te sekretè palè a. Jozafa, pitit Ayiloud, te reskonsab achiv wa a.
4Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt.
5Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a.
6Ayicha te chèf kanbiz palè a. Adoniram, pitit gason Abda, te reskonsab travay kòve yo.
7Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsablite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a.
8Men non douz gouvènè yo ak zòn sou reskonsablite yo chak: Bennour, pou zòn mòn Efrayim yo,
9Benndeke, pou zòn lavil Makaz, lavil Chalbim, lavil Bèt-Chemèch, lavil Elon ak lavil Bèt anan.
10Bennesèd, pou zòn lavil Awoubòt, lavil Soko ak tout peyi Efè a.
11Bennabinadab, ki te marye ak Tafat, pitit fi Salomon an, pou tout zòn Dò a.
12Bana, pitit gason Akiloud, pou zòn lavil Tanak, lavil Megido, pou tout zòn bò lavil Bèt-Chean toupre lavil Zaretan, sou bò sid lavil Jizreyèl la rive lavil Abèl Meola ak lavil Jokmeyam.
13Benngebè, pou lavil Ramòt nan peyi Galarad, ak tout ti bouk nan peyi Galarad la ki pou branch fanmi Jayi, pitit Manase, ak tout zòn Agòb nan peyi Bazan. Antou swasant gwo lavil fèmen dèyè gwo miray ranpa ak gwo pòtay bare ak poto kwiv.
14Akinadad, pitit gason Ido, pou zòn Manayim.
15Akimaz, ki te marye ak Basmat, yonn nan pitit Salomon yo, pou zòn Neftali a.

Read 1 Wa 41 Wa 4
Compare 1 Wa 4:2-151 Wa 4:2-15