Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 3

1 Wa 3:14-22

Help us?
Click on verse(s) to share them!
14Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.
15Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l' nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l' ale devan Bwat Kontra Seyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Seyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l' lan.
16Yon jou, de fanm, de jennès, vin prezante devan wa Salomon.
17Yonn ladan yo pran lapawòl, li di: -Monwa, madanm sa a avè m' nou rete nan menm kay. Mwen fè yon pitit gason nan kay la devan li.
18De jou apre pitit mwen an fèt, li menm tou li akouche, li fè yon pitit gason tou. Nou de ase ki te nan kay, pa t' gen lòt moun la ankò.
19Pandan lannwit, antan l'ap dòmi li woule sou pitit pa l' la, li toufe l'.
20Li leve nan mitan lannwit lan, antan m'ap dòmi, li pran ti pitit mwen an ki te bò kote m', li mete l' nan kabann pa l'. Li pran ti pitit pa l' la, li mete l' tou mouri a nan kabann pa m'.
21Nan maten lè m' leve pou m' bay ti pitit mwen an tete, mwen jwenn li mouri. Men, lè m' gade byen gade, mwen wè se pa t' pitit mwen an sa.
22Men lòt fanm lan di: -Non, se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Lè sa a, premye fanm lan reponn: -Non se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Se konsa yo t'ap fè kont devan wa a.

Read 1 Wa 31 Wa 3
Compare 1 Wa 3:14-221 Wa 3:14-22