3Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lè yon sèpan soti nan chalè dife a, li vlope nan men li.
4Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.
5Pòl annik souke men l', epi bèt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankò.
6Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye.
7Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannèg nan lil la. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou.
8Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li.
9Apre sa, tout lòt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri.
10Yo fè nou anpil kado. Lè pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.
11Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tout tan fredi a nan lil la. Yo te rele batiman an Marasa.
12Lè nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou.