Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 63

Sòm 63:3-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3(063:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
4(063:5) Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè.
5(063:6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.
6(063:7) Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
7(063:8) Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.
8(063:9) Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
9(063:10) Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
10(063:11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.
11(063:12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.

Read Sòm 63Sòm 63
Compare Sòm 63:3-11Sòm 63:3-11