Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 11

Resansman 11:23-34

Help us?
Click on verse(s) to share them!
23Seyè a di Moyiz: -Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m' di a p'ap rive vre.
24Se konsa Moyiz soti, li di pèp la tou sa Seyè a te di l'. Li pran swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe fè wonn kay Bondye a.
25Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.
26Te gen de nan chèf fanmi yo te chwazi yo ki te rete nan kan an. Yo pa t' ale nan kay Bondye a. Yonn te rele Eldad, lòt la Medad. Lespri a te desann sou yo tou, yo t'ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.
27Yon jenn gason kouri al di Moyiz men Eldad ak Medad ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.
28Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non!
29Moyiz reponn li: -Kouman? Ou gen lè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Seyè a te mete lespri l' sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt!
30Apre sa, Moyiz tounen nan kan an ansanm ak swasanndis chèf fanmi yo.
31Apre sa, Seyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gen dwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l' ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a.
32Pèp la pase tout jounen an, tout nwit la, ak tout jounen denmen an ap ranmase zòtolan. Sa ki te ranmase pi piti a te ranmase dis barik pou tèt pa l'. Yo blayi yo atè toupatou nan kan an pou mete yo cheche.
33Yo te fèk konmanse manje vyann, lè Seyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo.
34Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann.

Read Resansman 11Resansman 11
Compare Resansman 11:23-34Resansman 11:23-34