Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 23

Pwovèb 23:1-9

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.
2Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou.
3Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.
4Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.
5Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.
6Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.
7Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.
8W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.
9Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.

Read Pwovèb 23Pwovèb 23
Compare Pwovèb 23:1-9Pwovèb 23:1-9