13Seyè a di Moyiz konsa:
14-Mennen nonm lan lòt bò limit kan an. Fè tout moun ki te tande l' lè li t'ap derespekte Bondye a mete men yo sou tèt li. Konsa, y'a ba l' pote reskonsablite sa l' fè a, epi tout pèp la va kalonnen msye wòch jouk li mouri.
15Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l' peye pou sa l' fè a.
16Se pou yo touye l'. Wi, si yon moun peyi a osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou derespekte Bondye, se pou yo touye l'. Tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.
17Depi yon moun touye yon lòt, se pou yo touye l' tou.
18Si yon moun touye yon bèt ki pa pou li, se pou l' renmèt li. Prensip la vle kou pou kou, lavi pou lavi.
19Si ou fè yon moun menm peyi avè ou mal, se pou yo fè ou menm bagay la tou.
20Si ou kase yon zo nan kò l', y'a kase yon zo nan kò pa ou tou. Si ou pete yon grenn je l', y'a pete yon grenn je pa ou tou. Si ou kase yon dan nan bouch li, y'a kase yon dan nan bouch pa ou tou. Sa ou fè lòt la, se sa y'a fè ou tou.
21Si ou touye yon bèt ki pa pou ou, se pou ou renmèt li. Men, si se yon moun ou touye, y'ap touye ou tou.
22Menm jijman sa a va pou tout moun k'ap viv nan peyi a, kit se yon moun peyi a ki menm ras avè ou, kit se yon moun lòt nasyon, paske se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an.
23Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo, epi yo pran nonm ki te nonmen non Bondye a mal la, yo mennen l' andeyò lòt bò limit kote tout moun rete a, epi yo kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.